0:00/???
  1. Tête à Tête

From the recording Lockdown Insanity

In cart Not available Out of stock

Lyrics

Tête à tête,
paroles et musiques de Roger Colas, rap de Renes BBWI

Pwoche tou pre kote m
Nou pa bezwen pale
Yon vrè amou pa bezwen di mil pawòl
Nap rete san yon mo
Kite de keu nou viv
De menzan men nou wè sak reyalite

Map tann ou lontan
Wap rann mwen enpasyan
Sa wap fè toujou
Kapris ou enervan
Map tann ou Map tann ou Map tann ou

Gen de moun ki konprann
Mwen pa konn sa mwen vle
E poutan non mwen konnen gou djòl mwen frajil
Yo va di sa yo vle
Nou pap janm separe
Lè nou marye nou va tann yo vinn flate nou

Na ba yo bweson
Likè ou byen gato
Na gade yo byen lè yo ap ba nou lanmen
Nap tann yo
Pou n griyen
Nap tan yo

Rap
Yo di Erè madanm marye se viktwa pou fanm deyò
Men cheri m konnen sa n genyen an pifò pase lò
Lè yon gason marye li vin gen plis valè nan sosyete a.
Li vin parèt ke l se yon gason ki plis responsab,
Ki plis onèt, plis pa pè chay, e kalite sa yo se yon bagay majorite fi ap chèche,
Pa fasil pou jwenn sou latè beni
Men sa yo bliye di a tou sè
ke menm jan de kalite sa yo
dwe jwenn ekilib nan sa gason an vle
nan sa fi a vle
tankou yon miltiplikasyon si w fè l pa youn
ou chire si w fè l pa de
wap jwenn doub
doub lanmou, doub respè, pasyans ak tolerans
tèt ansam, mesye ak madanm
doudou ou la avè m mwen la avè w
nap ba yo likè nap ba ya bweson jiskaske n fè yo sou

Tanpi pou yoa di
Ann met keu nou ansanm
Yoa di mwen pa bon
Mwen m se vye bout kanson
Mwen kapte w
Ou kapte m
Nou dakò