0:00/???
  1. Kryptonit

From the recording Lockdown Insanity

In cart Not available Out of stock

Lyrics

Kryptonit,

Beng se konsa
Si w ebenis fò w siye bwa
Pousyè ka monte
Fò w aksepte l se sa dyòb la ye
Beng se konsa
Si w se doktè fò w geri moun
Malad pou yo ka miyò
Fò w aksepte l se sa dyòb la ye
Beng se konsa
Depi mizik tonbe wa pe vibre
W anvayi se pou w rale w fanm pou danse
Beng se konsa
Depi wap danse konpa
Ou pa raz ou gen le chwa
Danse kole sere ou pa
Beng se konsa tou
Pa pran madanm moun pou ploge
Zonbi nan bannann fè respè w pou malè pa rive w
mache

mache sou mwen pou m ekplike ke lanmou mwen li san limit
kote m pase map fè tout moun wè map kenbe menw pou jalou ret gade
lè nou rive devan channmas, nap jwenn yon plas pou nou bwè kremas

Lage konpa sou yo
Konpa se kriptonit ki pwoteje w de nenpòt ki maladi
Lage konpa sou yo
Menm si ou te supèman zonbi nan bannann konpa se bon antidòt
Lage konpa sou yo
Ou gen la grip korona tèt fè mal vini la pou ka danse
Lage konpa sou yo
Yeah yeah bate lèmen han

DP Expres Scorpio (rale mouchwa nou)
System band magnum band (wo mwen di w paka pa la)
Zèklè Zin Fantom (fò w pa bouje)
Skah Shah number one (mwen gen santiman pou li)
Tabou Combo superstars (et alors)
Okès Tropic Septen (dous tout bagay li dous)
Wa Koupe kloue (kilès ki te la avan)
E tout lòt djazz kap voye konpa monte

Eee pa
Lage konpa sou yo
Nou tout konnen sa pou nou fè
Lage konpa sou yo
Sou medam ak tout flannè
Lage konpa sou yo
Moun kal legliz moun ki pa kwè
Lage konpa sou yo
Yap pran konpa pou relijyon
Lage konpa sou yo
Ak mizik sa ou ka fè sa ou vle
Lage konpa sou yo
Ou ka danse sere kole
Lage konpa sou yo
Ou ka lage ou byen ploge
Lage konpa sou yo
Ou kaf è w pito sa w pa pito

paroles et musique de Renes BBWI © 2020